Sekrè Pou Yon Aprantisaj Dirab Reyisi

Èske w te konnen UNESCO gen yon pwogram espesyal pou yon aprantisaj dirab? Kòm mond lan ap evolye san kanpe, li enpòtan pou w aprann plis e devlope talan w ap gen bezwen nan lavi a. Pou anpil elèv, se yon gwo defi pou yo devlope bon opinyon sou aprantisaj. Yo bezwen gid. 

Annefè, Ayiti Analytics rive fome, 26 etidyan nan Analiz Done. Pandan 2 lane pase, jenn fanm kou gason resevwa yon fòmasyon pou bati bonjan abitid pou etidye k ap itil yo pou lavi. Sa se youn nan sekrè pwogram edikasyon nou. Nan atik sa, nou pral pale de 2 lòt sekrè pou yon aprantisaj dirab reyisi.

Pa gen wout pa bwa

SA SA VLE DI

Anpil fwa, elèv yo gen tandans jete kò yo nan dlo san yo pa konn naje, ki ta vle di, san preparasyon . To ou ta, ou oblije etidye, aprann devlope nouvo abitid. Abitid tankou konn jere tan w, respekte delè e menm leve bonè. Sèl fason pou w amelyore se pran tan w pou w pratike sa w aprann epi byen sèvi ak tan w. Li klè, pa gen wout pa bwa. Sa mande anpil disiplin, men avantaj yo dirab. 

POUKISA SA ENPÒTAN

“Prepare tèt ou pou  [sipriz lavi a ] nan etidye kijan lòt moun nan tan pase te fè pou jere bagay yo pa ka prevwa alavans”.  Georges Smith Patton

SA W KA FÈ

Youn nan definisyon mo , “prepare” a fè referans  ak “ moun ki fè oswa kreye yon bagay”. . Vèb yo itilize yo, “fè ak kreye” endike ide “fè aksyon” oswa yon moun ki prè pou fè sakrifis. Pa gen moun ki ka li pou ou, etidye oswa fè rechèch nan plas ou. Anttanke elèv, fòk ou fè sakrifis. Men, ki jan? Pa egzanp, èske w anrejistre  kou pwofesè w yo? Li tap enpòtan pou w koute anresjistreman yo ankò pou w ka pi byen konprann. Rezime epi reòganize nòt ou yo ap ede w konprann sijè a pi byen epi raple w ide ak kontèks yo. Men sa,  Morgan Mendis ki se Direktè Rechèch anndan Ayiti Analytics, sonje: “Mwen te renmen pran nòt sou tout lide esansyèl yo pwofesè a t ap anseye. Tout mo kle oswa mo enpòtan , mwen te toujou ekri sa yo vle di ak mo pa m. Kapasite pou konprann epi analize enfòmasyon ke yo rele “espri kritik” ap ranfòse chak jou.

Pwofesè pap ka aprann ou tout bagay

SA SA VLE DI

Lè elèv la panse pwofesè a la pou aprann li tout bagay, li vin pa kapab jere nouvo lide paske lespri li bloke sou yon sèl sijè. Mantalite sa anpeche li dekouvri epi devlope kapasite li ka pat menm konnen li genyen.

POUKISA SA ENPÒTAN

“Kapasite pou fè chanjman osinon adapte se prèv entèlijans”. Albert Einstein 

SA W KA FÈ

Eskè sa pa enteresan lè Einstein di, kapasite pou chanje osinon adapte gen rapò ak entelijans? Li t ap bon pou w byen sèvi ak entelijans ou. Paske lè nou aprann adapte sa fè n pwogrese. Se pou sa, lè w ap etidye, eseye ekspoze tèt ou ak nouvo lide, sa ki pa popilè yo. Jan Einstein di a, aksepte “fè chanjman”. Ou kapab aprann nan plizyè domèn diferan. E grenn bagay kap edew se pran yon ti tan pouw fè  rechèch paw. Mendis nou te site pi wo a, di: “Mwen eseye jwenn lòt esplikasyon sou sa map etidye yo lòt kote, tankou sou Youtube”.  Men tou, se pou w gen pèsistan.  Yvel Marcelin, Direktè Enjeniri ak “BI Solutions” anndan Ayiti Analytics, nan yon repons li bay sou “Bootcamp” Analiz Done Ayiti Analytics la, di: Syans Done genyen plizyè branch, li kapab ba w zouti w ap bezwen pou reponn nenpòt kesyon, osinon rezoud yon pwoblèm espesifik. Men, se pou w nan bon dispozisyon pou sa e prepare pou sa . Sa vle di, fò w gen tan,  fò w sou sa e konsistan nan sa w ap fè. Sonje, yon edikasyon ki bati sou plizyè disiplin ede  w elaji e anrichi jan w konprann antouraj ou. Pèsevere, konsa wap amelyore kapasite refleksyon w. E sa ap ede w ka pale ak moun tout kouch sosyal.

Nou sot dekouvri yon bèl bagay, pa vre? W ap aprann pou kont ou sou entènèt? Ou se yon elèv ki nan lekòl tradisyonèl? Depi w pran tan pou w pratike sa w ap aprann epi ou kontinye amelyore fason w etidye, ou mèt sèten, w ap bati yon fondasyon solid pou fè fas ak sa w pa konnen ki ka rive nan lavi a. 

Plis èd pou elèv

“Flashcard” se yon metòd efikas ki pèmèt ou sonje yon bagay lè w fin aprann. iDoRecall  se yon aplikasyon konsa. Prensipal karakteristik iDoRecall se ede l ede w rafrechi memwa w sou sa w ap aprann nan. Eseye l. 

Atik sa se premye sou 3 sa kap gen pou sòti, ki rele: Aprann kijan pou w byen aprann. Ki pral pale de kijan ou ka byen jere aprantisaj ou. Premye atik la Sekrè pou yon aprantisaj dirab reyisi te plis pale sou sa elèv la kapab fè li menm. Nan lòt 2 atik yo, n ap wè: (1) Poukisa yon gid enpòtan (2) kòman paran ak anviwonman ka jwe yon gwo wòl nan aprann aprantisaj? 

Ou gen yon minit? Gade kijan ou kapab ede nou devlope kou ki plis koresponn ak sa ou bezwen.

Ekri pa:

Yanick Saint-Elien

Tradui pa:

Jules Gardeley Pierre Louis

____________________________________________________________________

UIL enstiti UNESCO pou aprantisaj dirab gen pou vizyon, devlope ekosistèm ki travay sou lavi. Tèm kle yo se: 1) bati yon ekosistèm aprantisaj de kalite, 2) bay taktik(transmèt prensip) pou lavi, travay, aprann. 3) asire ke tout moun jwenn chans yo. (https://uil.unesco.org/unesco-institute)

S. Patton se youn nan jeneral konba ki te fè plis siksè nan peyi etazini e lidè militè ki te pi popilè nan syèk pase yo. (www.biography.com)

Youtube dezyèm pi gwo motè rechèch. (https://sproutsocial.com/insights/youtube-stats)

Gade kijan ou kapab ede nou devlope kou ki plis koresponn ak sa ou bezwen

Follow us on social media:

One comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *